fbpx
e-commerce

Ou pa echwe vre…

 

Travay la mande fèt. Nou kòmanse. Sa ap byen mache. Lajwa. Satisfaksyon. « Tou nouvo tou dous. » Britsoukou, tout bagay ap chanje. Difikilte. Obstak. Moun k ap vire do ba w. Lajan k ap soti san rantre. Kondisyon ki pa reyini pou sa fèt nòmalman. Travay k ap fèt ak zong. Tristès. Dekourajman. Moun k ap rayi w. Moun k ap di w fou. Moun k ap di rèv ou a twò gran. Moun k ap di w p ap abouti. Moun k ap di w chanje sa w ap fè a. Moun k ap fè blag ak sa. Tristès. Kriye. Strès. Solitid. Dekourajman. Santiman ak sansasyon yo anpil. Jiskaske w rive anba nèt. Nan fon. Li fè nwa. Ou pa gen ase kouraj pou w remonte. Ou pa gen moun pou lonje men ba w. Ou sispann lite. Ou sispann batay. Abandon. Raj. Tan pèdi. Pou tout moun, ou echwe. Lavi ap kontinye. Lè w ap pale de sa w t ap konstui a, w ap di : « Te gen yon lè… » W ap bay tèt ou kouraj pou w pa montre kijan w devaste. « Omwen m te eseye, » se sa w ap di tèt ou. Men èske w echwe vre ? Èske pa t gen pyès mwayen pou te chanje sa ? Kisa ki echèk ?

Yo pale de echèk lè w pa reyisi nan yon bagay ou t ap antreprann. Oubyen lè w pa rive gen yon bagay ou te vle. Men sa k pi enpòtan, echèk defini selon moun nan. Pa egzanp, si w vin milyonè, epi objektif la se te vin milyadè, ou echwè. Si w vin milyonè, epi objektif la se te pou w sèlman gen 40 000 dola, ou reyisi. Si w achte yon kay, objektif la se te pou w gen de (2), ou echwe. Si w achte 2 kay, objektif la se te pou w gen youn, ou reyisi. Konsa, yon moun ka gen 3 000 dola epi li reyisi, tandiske yon moun ki gen 50 000 echwe li menm. Donk, echèk defini an fonksyon de objektif ke moun nan te fikse tèt li yo. Moun nan ka gen yon pakèt kòb, yon pakèt byen, epi li pa gen tout sa l bezwen. Sa depan de sa moun nan genyen kòm vizyon. Sa vle di, nan nenpòt sa w ap fè a, pa janm konpare pozisyon w ak pa lòt moun. Detèmine objektif pa w, limit pa w. Epi, nou tout p ap janm ka rive menm lè. Nou pa itilize menm estrateji. Nou p ap evolye nan menm zòn. Nou pa gen menm frekantasyon. Pou w kòmanse, konn ki objektif w ap bay tèt ou. Konsa, lè w atenn yo, se ap siksè pa w. Epi w ap ka fikse lòt. Youn apre lòt.

Enpòtan : ou echwe lè w deside a. Ou ka twouve sa dwòl, men se verite. Si w nan pozisyon sa a jodi a, se fòt pa w. Swa ou chita, ou pa janm fè anyen. Swa ou te kòmanse deja, ou bay vag. Se pa lè obstak la bare w ou echwe. Si chak fwa ou tonbe, ou leve, ou pa echwe. Ou echwe lè w deside pa kontinye ankò. Moun ki reyisi yo, se pa moun ki pa janm jwenn tribilasyon sou wout yo. Men se moun ki batay ak yo, epi ki ranpòte viktwa. Pa panse ke tout moun ak kòb ki modèl ou yo, se moun ki te toujou ap byen pase, ki pa t janm kwaze ak difikilte. 2004 : Facebook parèt. 2017 : yon milya moun itilize Facebook nan yon sèl jounen. 13 lane apre. 1920 : Adidas (li pa t ko gen non sa) te yon ti antrepriz ki te gen sèlman anviwon 12 moun k ap travay ladan. 2018 : Adidas gen 56 888 anplwaye. 1932 : Audi t ap rankontre gwo pwoblèm lajan ki oblije yo pran divès mezi pou sove antrepriz la. 2012 : Audi vann 1 524 735 machin nan yon sèl ane nan tout mond lan. Istwa yo anpil… Ou pa echwe zanmi. Ou jis bay vag. Mo echèk, se yon mo ke nou kreye nou menm. Si pyès moun pa t janm abandone, mo sa a pa t ap vle di anyen. Li pa t ap gen plas li. Siye je w. Souke kò w. Kontinye travay. Kontinye batay. Moun ou deside pou w ye a, travay pou li. W ap echwe, se lè w vle.

King Berdji Estiverne

Related Articles

Responses

Translate »