fbpx

Lajan pa fè bonè, nou serye ?

Money… Dinero… Argent… Fric… Pognon… Oseille… Blé… Lajan… Kòb… Tchotcho… San… Selon kote w soti, oubyen kote w ap evolye, li gen divès non. Selon milye kote w ap viv, li gen plizyè ti non jwèt, ti non damou. Dola… Yenn… Peso… Reyal…Lèk… Dina… Ewo… Goud… Selon peyi w ap viv la, ou konnen l sou divès fòm, divès koulè… Men kèlkeswa jan w te ka rele l, kèlkeswa fòm li te ka genyen (pyès oubyen biyè), grenn bagay ki p ap janm ka chanje, se enpòtans li gen nan vi nou. Prèske chak sa n ap fè, nou oblije genyen l nan men nou, nan bous nou, nan pòch nou, nan valiz nou, sou kont nou… Li ouvri plizyè pòt. Li se objektif lavi yon pakèt moun. Genyen k ap sakrifye yo pou li, travay depi ba jou kase pou jis solèy la monte kabann li. Lè yo pèdi l, se tankou mond lan ki fini, tankou tè a ap ouvri gagann li pou l vale tout sa l kwaze sou chimen l. Nou travay pou li, nou viv pou li, nou touye pou li, nou rayi pou li, nou renmen pou li, nou flate pou li… Èske l enpòtan ?! Wi. Èske l fè bonè ? Anpil moun ap di non. Men sensèman, si l pa t bon pou nou, li pa t ap enpòtan konsa. Si l pa t fè bonè, si l pa t itil anyen, li t ap gentan pèdi enpòtans li deja. Epi nou t ap gentan ranplase l pa yon lòt bagay. Kesyon m ap poze : kijan yon bagay ke w itilize nan prèske tout sa w ap fè pa fè bonè ? M ta renmen konprann. Si l pa fè bonè, poukisa nou fè lavi nou ap batay pou li ? Se mizè nou renmen konsa ?

Ann tounen. Pawòl la di : « Lajan pa fè bonè. » Gen 2 eleman ki merite konsiderasyon ladan : lajan ak bonè. Se tankou yon figi destil ke nou rele konparezon. Nou wè kisa ki lajan. Nou konprann nesesite l nan lavi nou. Men kounyè a, kisa ki bonè ? Gen divès fason ou ka defini l. Yon moman satisfaksyon (lè w atenn yon objektif). Yon eta kote lajwa ap debòde. Bonè yon moun ka gen divès sous. Men youn nan bagay ki enteresan, depi w te fikse tèt ou kèk limit, epi w rive, bonè ka kòmanse manifeste. Pa egzanp, achte yon kay, yon machin, vwayaje tout kote, konstui yon antrepriz, gen yon koleksyon rad chè, manje nan tout gwo restoran, marye… Pwen komen ki gen nan tout sa yo, se paske ou bezwen lajan pou w fè tout. Donk, sous bonè a, se lajan an. Wi, gen posibilite pou w viv yon moman bonè san lajan. Pa egzanp, lè pitit ou fèt, lè yon moun ki pwòch ou sove anba men lanmò, lè yon moun di w yon pawòl ki fò epi ki bouste motivasyon w… Men ou panse yon moun ki pòv, menm si l jwenn tout lanmou ki genyen, ap jwenn bonè si l pa ka manje ?

Lè w rich, sa pa vle di ou p ap gen pwoblèm. Sa pa vle di ou p ap viv moman ki tris. Sa pa vle di w ap alèz 24 sou 24. Sa pa vle di tout bagay ap toujou byen dous pou ou. Dayè, yon rich se yon moun. Li ka pèdi yon pwòch, yo ka trèt li, yon bagay li konstui ka kraze, li ka fè aksidan, yon patnè ka kite l, yo ka tire l… Men, li p ap gen pwoblèm manje, pwoblèm kay, li p ap nan tèt kase pou peye lekòl pitit li, li p ap fè tèt cho pou l jwenn lajan pou achte kado pou yon moun ki enpòtan pou li. Epi tou, pito m afwonte pwoblèm mwen nan yon Lamborghini tan m afwonte l nan lari, sou 2 pye m, anba yon solèy cho, pòch mwen blanch… Anbann malere k ap repete lajan pa fè bonè, se paske yo aksepte mizè yo, epi yo p ap fè anyen pou chanje sa. Se anbann endividi ki aksepte ke yo echwe. Epi pou yo ka konsole tèt yo, pou anpeche yo kilpabilize, y ap klewonnen ke lajan pa enpòtan. Tandiske menm yo menm, yo fè figi yo frijèt, y al mande yon moun ki genyen pou yo ka achte yon plat manje pou kalme lestomak yo k ap jwe tout kalite enstriman ki genyen anba yon grangou mizisyen. Epi se menm moun sa yo, depi yon moun rive, yo kouri ap lage dosye sou do l, chèche ti foto ansyen dantan kote zo kòt li t ap jwe akòdeyon pou montre jan l soti lwen, prese rakonte anekdòt pou di l pa t ka manje lontan. Lè yo fè sa, yo konn panse se pou detui moun nan, poutan, se montre ou montre lemond ke avèk travay epi pasyans, ou ka rive, nenpòt kote w soti. Yo di ankò ke se pa tout bagay lajan ka achte. Se pa tout. Men kanmenm, li achte kèk. Men razè pa ka achte anyen.

 

Si lajan pa fè bonè, e povrete li menm ?!

 

 

 

 

King Berdji ESTIVERNE

Related Articles

Responses

Translate »