fbpx

Clear: Success Mindset Development

 

BON SANS DEVLÒPMAN PÈSONÈL: Fonse pou ou retwouve’w, konprann ou, jwenn kòz ki mete’w nan pozizyon aktyèl la, epi prepare’w, solisyone’w, challenge tèt ou pou ou reyisi.

Nou garanti’w lavi’w pa andwa pa chanje aprè klas sa. Klas sa a pou tout moun, filozòf oubyen moun ki pa konn li. Li baze sou BON SANS DEVLÒPMAN PÈSONÈL.

Ou pra’l vinn wè lavi a yon lòt fason. Ou pra’l vinn chanje anpil, madanm ou, mari’w, pitit ou, ou fanmiy ou pra’l renmen’w e priyoriterize’w pou moun ke ou pra’l vinn devni an. Yon lidè, yon gran, yon moun k’ap reyisi, yon moun ki gen avni, yon moun ki enspire pakèt lòt moun.

Avèk Clear, mantalite de reyaksyon ou ap efase pou tout tan nèt. Nou detwi tout sous de enkyetid, pèrèz ke’w genyen nan vi’w, e vye panse irasyonèl ki t’ap anpeche’w pran aksyon a dè gran opòtinite ki te ka gentan chanje lavi’w. Epi nan viktwa sa a ou pral pran la a, w’ap pran re-pran tèt ak full kontwòl kote lavi’w ap nan 2 pla men’w pou’w ka fè sa’w vle. W’ap vinn devni yon moun konplè ankò kote espri’w retounen 100% nan ou full-time.

Tout sa ou pra’l man-yen ap pote siksè, paske ou re-bati pou sa, ou re-gen yon fondasyon pou sa, w’ap reyalize sa’w vle.

 

Not Enrolled
or US$19.99 / 30 day(s)
Translate »